Kijan pou m planifye yon randevou pou Paspò?

Randevou yo planifye anliy sou: https://evisaforms.state.gov/Instructions/ACSSchedulingSystem.asp

Ou dwe mache ak paj konfimasyon randevou w la, fòmilè ki ranpli yo, ak dokiman orijinal nan entèvyou w la.

Lè w ap pran randevou a, ou dwe ekri detay ki annapre yo:

  • Nimewo konfimasyon randevou ki kreye a.
  • Dat ak lè randevou w la. Ou p ap resevwa konfimasyon pa imel k ap di w dat randevou a.
  • Modpas randevou a. W ap bezwen paspò a si w bezwen anile randevou a. Nou pa kenbe modpas ou nan Anbasad la.

Chak moun k ap aplike ki bezwen yon sèvis nan Anbasad la dwe gen yon randevou apa.

Tanpri kontakte Anbasad oswa Konsila a si w pa ka pran yon randevou pou sèvis paspò oswa sèvis CRBA pou tout pitit minè w genyen nan menm jou a: https://docs.google.com/forms/d/e/1FAIpQLScEI9KzvHj92qzOU4fjbiE81dBEp0SEh-7u2kRnaLDDtjq-Fg/viewform

Lè w pran yon randevou, li enpòtan anpil pou w enprime oswa ekri modpas ak dat ak lè randevou a. Ou p ap resevwa yon konfimasyon randevou otomatikpa imel oswa imel rapèl.