Kijan m ka peye pou paspò m nan pou yon randevou an pèsòn nan Anbasad la?

Pou w jwenn yon lis ki gen montan sèvis pou paspò yo koute, tanpri, ale sou sit entènèt Depatman Eta a ki se: https://travel.state.gov/content/travel/en/passports/requirements/fees.html

Mwayen pèman nou aksepte yo se:

  • Pèman anliy sou pay.gov ;
  • Lajan kach (nou aksepte l pou moun k ap aplike anpèsòn nan Anbasad la sèlman), swa ak dola Ameriken OSWA dola Bahamas. Anbasad la pa ka aksepte melanj de lajan;
  • Kat kredi: Mastercard oswa Visa sèlman;
  • Chèk Bank lan ekri oswa Manda Pou Peye sou non “U.S. Embassy Nassau”;
  • Manda Pou Peye pa Lapòs: Se sèl Manda pou Peye Pa Lapòs ““lokal”” (sa vle di, an dola Bahamas la) nou aksepte. Anbasad la pa ka aksepte Manda pou Peye Pa Lapòs “entènasyonal” ki fèt an dola Ameriken.

Nou pa aksepte chèk pèsonèl. Tanpri remake yo p ap remèt ou lajan w peye nan konsila a.