Arestasyon yon Sitwayen Ameriken

Si w se yon sitwayen Ameriken e yo te arete w oswa mete w nan prizon, tanpri, kontakte anbasad oswa konsila ki pi pre w la. Yo ka ede w ak bagay ki annapre yo:

  • Ba w yon lis avoka nan zòn nan ki pale Anglè.
  • Kontakte fanmi, zanmi, oswa konpayi ki anboche sitwayen Ameriken yo met nan prizon an ak otorizasyon ekri l.
  • Toujou vizite sitwayen Ameriken yo met nan prizon an epi bay materyèl lekti ak vitamin, kote sa apwopriye.
  • Asire yo otorite nan prizon yo ap ba w swen medikal apwopriye.
  • Bay yon apèsi jeneral sou pwosesis legal pou dosye kriminèl.
  • Fè moun yo met nan prizon an konnen resous lokal ak sa ki nan Etazini ki disponib pou ede moun ki viktim krim yo.
  • Asire yo otorite nan prizon yo kite yon manm legliz nan relijyon w vle vin vizite.
  • Kreye yon OCS Trust pou zanmi ak fanmi ka voye lajan bay sitwayen Ameriken ki nan prizon, lè règleman yo pèmèt sa.

Pou plis enfòmasyon, ale sou sit entènèt Anbasad la ki se: https://bs.usembassy.gov/arrest-of-a-u-s-citizen

Gen lòt enfòmasyon ki disponib tou sou sit entènèt Depatman Eta a sou https://travel.state.gov/content/travel.html , chwazi “International Travel,” chwazi “Emergencies,” epi suiv enskriksyon ki nan “Arrest or Detention of a U.S. Citizen Abroad”.

Si w ta renmen pale dirèkteman ak yon moun konsènan yon arestasyon nan Bahamas oswa zile Tik ak Kayik, rele Anbasad oswa Konsil Etazini ki pi pre a:

Naso:

Tanpri, rele: 1 242 322 1181 ext.1

Nan lè biwo yo pa ouvri: 1 242 322 1181 ext.43111

Pou èd legal nan Bahamas oswa nan zile Tik ak Kayik, tanpri ale sou sit entènèt Anbasad la sou https://bs.usembassy.gov/legal-assistance/ nan seksyon U.S. Citizen Services, chwazi “Legal Assistance”.

Se la w ap jwenn yon lis avoka pou chak distri konsilè.

Tanpri remake: Depatman Eta a pa pran okenn responsabilite oswa chaj pou kapasite pwofesyonèl, oswa kalite sèvis antite oswa moun non l mansyone sou lis ki annapre yo. Sa ki nan lis la pa gen okenn apwobasyon Depatman an oswa gouvènman Ameriken an. Non ki nan lis la nan lòd alfabetik, e lòd yo parèt la pa gen okenn enpòtans. Enfòmasyon ki nan lis la soti dirèkteman nan men pwofesyonèl k ap bay sèvis lokal yo; Depatman an pa nan pozisyon pou l valide enfòmasyon sa a.

Si manm fanmi w la se yon sitwayen Ameriken e yo arete l oswa mete l nan prizon, tanpri, kontakte anbasad oswa konsila ki pi pre w la. Yo ka ede w ak bagay ki annapre yo:

  • Ba w yon lis avoka nan zòn nan ki pale Anglè.
  • Kontakte fanmi, zanmi, oswa konpayi ki anboche sitwayen Ameriken yo met nan prizon an ak otorizasyon ekri l.
  • Toujou vizite sitwayen Ameriken yo met nan prizon an epi bay materyèl lekti ak vitamin, kote sa apwopriye.
  • Asire yo otorite nan prizon yo ap ba w swen medikal apwopriye.
  • Bay yon apèsi jeneral sou pwosesis legal pou dosye kriminèl.
  • Fè moun yo met nan prizon an konnen resous lokal ak sa ki nan Etazini ki disponib pou ede moun ki viktim krim yo.
  • Asire yo otorite nan prizon yo kite yon manm legliz nan relijyon w vle vin vizite.
  • Kreye yon OCS Trust pou zanmi ak fanmi ka voye lajan bay sitwayen Ameriken ki nan prizon, lè règleman yo pèmèt sa.

Pou plis enfòmasyon, ale sou sit entènèt Anbasad la ki se: https://bs.usembassy.gov/arrest-of-a-u-s-citizen/