Lanmò yon Sitwayen Ameriken

Yo ta dwe rapòte lanmò yon sitwayen Ameriken, kit li abite nan peyi a oswa l se yon touris nan Bahamas, nan Anbasad oswa konsila ki pi pre a pou yo ka prepare yon Rapò Lanmò yon Sitwayen Ameriken. Dokiman sa a nesesè pou regle kesyon legal ak byen k ap rete yo Ozetazini.

Pou plis enfòmasyon konsènan lanmò yon sitwayen Ameriken, ale sou sit entènèt Anbasad la sou: https://bs.usembassy.gov/services/#emergencyassistance . Nan seksyon U.S. Citizen Services la, chwazi “Death of a U.S. citizen”.

Si w ta renmen pale ak yon moun dirèkteman konsènan lanmò yon sitwayen Ameriken nan Bahamas oswa nan zile Tik ak Kayik, rele Anbasad oswa Konsila ki pi pre a:

Naso:

Tanpri, rele: 1 242 322 1181 ext.1

Nan lè biwo yo pa ouvri: 1 242 322 1181 ext.43111

Anbasad oswa konsila ki pi pre a ka ede fanmi ak zanmi yo si gen yon sitwayen Ameriken ki mouri nan Bahamas. Men, an jeneral, ponp finèb nan Bahamas yo byen konnen egzijans pou voye kadav Ozetazini e yo ka regle papye ki nesesè pou voye kadav la Ozetazini oswa pou prepare kadav la pou yo antere l nan peyi a san Anbasad oswa Konsila Ameriken an pa enplike dirèkteman. Fason sa fèt ak pri pou jere yon kadav diferan nan tout Bahamas.

Pou plis enfòmasyon konsènan lanmò yon sitwayen Ameriken, ale sou sit entènèt Anbasad la ki se https://bs.usembassy.gov/services/#emergencyassistance . Nan seksyon U.S. Citizen Services la, chwazi “Death of a U.S. citizen”.