Enfòmasyon Konsènan Sèvis pou Sitwayen Ameriken

Enfòmasyon jeneral anrapò ak vizit nan Anbasad la pou yon randevou Sèvis pou Sitwayen Ameriken disponib sou sit entènèt Anbasad Etazini an ki se: https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/

Pifò anbasad ak konsila ameriken yo ekipe nèt ak enstalasyon pou vizitè ki andikape yo; sepandan, gen kèk moun ki pwal bezwen fè aranjman espesyal pou ede vizitè ki andikape. Tanpri kontakte anbasad ameriken oswa konsila ki pi pre a si w bezwen plis enfòmasyon.
Wi, ou bezwen yon randevou pou sèvis yo bay sitwayen Ameriken yo. Pa gen sèvis san randevou pou sitwayen Ameriken ki bezwen sèvis ki gen rapò ak paspò, sitwayènte, oswa deklarasyon pou nesans aletranje. Nou bay sèvis sou randevou sèlman.

Pa gen okenn sèvis pou pran randevou nan telefòn.

Pou w pran yon randevou pou yon sèvis pou Sitwayen Ameriken, ale sou: https://evisaforms.state.gov/acs/

Pa gen sèvis san randevou pou sitwayen Ameriken ki bezwen sèvis ki gen rapò ak paspò, sitwayènte, deklarasyon nesans aletranje oswa sèvis notè.

Nou bay sèvis sou randevou sèlman.

Moun k ap aplike yo ka mache ak yon moun pou ede yo si yo gen andikap e yo bezwen èd pou yo ranpli pwosesis aplikasyon an.

Pou w jwenn enfòmasyon sou kote Anbasad la ye, ale sou: https://ht.usembassy.gov/embassy/port-au-prince/

Ou ka jwenn lòt enfòmasyon sou fason pou w kontakte Anbasad la, w ap ka jwenn yon kat sou sit la tou.

Depatman Eta a bay enfòmasyon sou pwoteksyon ak sekirite pou tout peyi nan monn nan pou ede w evalye, poukont ou, danje ki gen nan vwayaje. Tanpri ale sou https://Travel.State.Gov , International Travel, Country Information pou w jwenn paj enfòmasyon pou peyi w prale a.

https://travel.state.gov/content/travel/en/international-travel/International-Travel-Country-Information-Pages.html

Chak paj enfòmasyon sou yon peyi gen yon Avi anrapò ak Vwayaj, Avètisman, ak lòt detay enpòtan ki gen rapò ak peyi sa a ki ka gen enpak sou ou. Byen gade egzijans pou w antre ak soti yo, lwa ak koutim lokal yo, kondisyon pou sante, ak lòt detay pou w deside si vwayaje nan peyi sa a ap bon pou ou. Epi w ap jwenn adrès ak nimewo telefòn anbasad oswa konsila Etazini ki pi pre a. Mache avè yo pou si w ta gen yon ijans.

Nou dwe verifye tout vizitè nèt, sitwayen Ameriken yo ladan l tou, anvan yo antre nan Anbasad oswa Konsila Ameriken an e yo ka fè yo pase nan aparèy kote y ap mache pou verifye si yo gen metal sou yo e yo ka pase yon aparèy sou yo pou verifye si yo gen metal sou yo. N ap byen verifye tout objè pèsonèl pa mwayen radyasyon ak lòt materyèl deteksyon.

Moun k ap aplike yo ta dwe rive, pou pi plis, 15 minit anvan randevou yo a pou yo ka pase etap sekirite a.

Pou w jwenn plis detay sou dispozisyon nou pran nan domèn sekirite, lè nou travay yo, nimewo pou w kontakte lè w gen ijans, ak lòt enfòmasyon ki koresponn pou Anbasad Etazini an nan Ayiti ale sou:

https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/

Objè ki annapre yo entèdi anndan Anbasad ak Konsila Etazini an e nou pa gen kote pou nou mete yo, donk, tanpri, kite yo lakay ou, nan otèl ou, oswa nan machin ou:

  • Valiz moun pot sou do, valiz, malèt oswa gwo valiz (n ap aksepte valiz ki 12 x 10 x 6 pous e ki pi piti)
  • Manje ak bwason
  • Zam, sa gen ladan l gwo bout fè lou oswa boutèy ou ka flite ki gen pwav
  • Zouti, sa gen ladan l nenpòt objè ki pwenti oswa file
  • Nenpòt luil, ayewozòl, oswa bagay ki ka flite ki mache ak ponp, likid, krèm ak poud
  • Nenpòt bagay ki ka fè dife
  • Nenpòt kalite kas moun met nan tèt
  • N ap deside pou pousèt nan chak sitiyasyon
  • Nenpòt kalite aparèy elektwonik oswa pou anrejistre, tankou sa k site annapre yo, men se pa sa yo sèlman:
    • Kamera
    • Laptòp
    • Telefòn pòtab
    • MP3, CD, oswa kasèt
    • Aparèy mesaj
    • Objè pou kominike ak machi a distans

Lis sa a pa konplè. Anbasad oswa Konsila Etazini an gen dwa pou l refize yon moun antre ak nenpòt objè yo panse ki sispèk.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, ale sou: https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/permitted-prohibited-items/

Si w bezwen voye lajan bay yon sitwayen Ameriken ki pa Etazini, ou ka verifye ak bank, konpayi kat kredi moun nan, oswa ak konpayi transfè lajan yo pou plis enfòmasyon.

Si opsyon ki pi wo yo pa mache, Depatman Eta Ameriken an ka ede w voye lajan bay yon sitwayen ameriken ki nan bezwen ki aletranje pa mwayen biwo nou an ki nan Washington, D.C. bay yon anbasad oswa konsila Etazini ki aletranje. Sitwayen Ameriken ki nan bezwen an ta dwe kontakte anbasad oswa konsila ki pi pre a pou l mande enfòmasyon sou kondisyon pou l kalifye ak lòt detay.

Pou plis opsyon ak enfòmasyon, ale sou: https://travel.state.gov/content/travel/en/international-travel/while-abroad/sending-money-abroad.html

Anbasad la fèmen pandan konje piblik Ozetazini ak Ayiti.

Gen yon lis dat nou fèmen pou konje ki disponib sou sit Anbasad la sou https://ht.usembassy.gov/holiday-calendar/ .

Pou w jwenn plis detay sou lè nou travay ak sèvis nou bay nan Anbasad Etazini nan Ayiti la, ale sou: https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/

Pa gen sèvis san randevou pou sitwayen Ameriken ki bezwen sèvis ki gen rapò ak paspò, sitwayènte, oswa deklarasyon nesans aletranje. Kou w pran yon randevou, w ap resevwa lòt enfòmasyon konsènan detay pou randevou a.

Anbasad ak konsila yo gen obligasyon dapre lalwa pou pèmèt twazyèm pati ale nan randevou Sèvis Sitwayen Ameriken ki fèt nan konsila a. Sèvis sa yo ka paspò, Rapò Konsil sou Nesans aletranje (CRBA) oswa plis.

Aplikan yo ka akonpaye pa yon twazyèm pati si yo vle fè sa men sa a pral sou pwòp depans yo; twazyèm pati yo enkli avoka, entèprèt/tradiktè, fanmi, ak/oswa moun k ap bay swen. Pa gen okenn restriksyon sou ki moun ki ka akonpaye yon aplikan nan yon randevou. Sepandan, aplikan yo ak twazyèm pati rete sijè a tout politik, direktiv sekirite, ak direktiv konsènan admisyon oswa konduit nan anbasad la oswa konsila, sa enkli men pa limite a pwotokòl sekirite, idantifikasyon, tès depistaj, aparèy elektwonik, anrejistreman, ak sante. Prezans yon avoka ak/oswa lòt twazyèm pati nan randevou a pa eskize aparans pèsonèl aplikan an oswa paran/gadyen legal aplikan an.

Tout timoun ki minè dwe mache ak yon paran oswa moun responsab.

Akoz pa gen anpil espas nan seksyon konsila a, se yon moun sèlman y ap kite antre ak yon moun k ap aplike (oswa paran oswa responsab moun k ap aplike a si moun k ap aplike a se yon minè).

Pou w jwenn plis detay, ale sou: https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/passports/

Tanpri rive, pou pi plis, 15 minit anvan randevou w la pou w ka pase etap sekirite.

Nou dwe verifye tout vizitè nèt, sitwayen Ameriken yo ladan l tou, anvan yo antre nan Anbasad oswa Konsila Ameriken an e yo ka fè yo pase nan aparèy kote y ap mache pou verifye si yo gen metal sou yo e yo ka pase yon aparèy sou yo pou verifye si yo gen metal sou yo. N ap byen verifye tout objè pèsonèl pa mwayen radyasyon ak lòt materyèl deteksyon.