Ki objè ki entèdi anndan Anbasad la?
Objè ki annapre yo entèdi anndan Anbasad ak Konsila Etazini an e nou pa gen kote pou nou mete yo, donk, tanpri, kite yo lakay ou, nan otèl ou, oswa nan machin ou:
- Valiz moun pot sou do, valiz, malèt oswa gwo valiz (n ap aksepte valiz ki 12 x 10 x 6 pous e ki pi piti)
- Manje ak bwason
- Zam, sa gen ladan l gwo bout fè lou oswa boutèy ou ka flite ki gen pwav
- Zouti, sa gen ladan l nenpòt objè ki pwenti oswa file
- Nenpòt luil, ayewozòl, oswa bagay ki ka flite ki mache ak ponp, likid, krèm ak poud
- Nenpòt bagay ki ka fè dife
- Nenpòt kalite kas moun met nan tèt
- N ap deside pou pousèt nan chak sitiyasyon
- Nenpòt kalite aparèy elektwonik oswa pou anrejistre, tankou sa k site annapre yo, men se pa sa yo sèlman:
- Kamera
- Laptòp
- Telefòn pòtab
- MP3, CD, oswa kasèt
- Aparèy mesaj
- Objè pou kominike ak machi a distans
Lis sa a pa konplè. Anbasad oswa Konsila Etazini an gen dwa pou l refize yon moun antre ak nenpòt objè yo panse ki sispèk.
Pou w jwenn plis enfòmasyon, ale sou: https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/permitted-prohibited-items/