Demann Paspò

Enfòmasyon jeneral konsènan Sèvis Paspò yo sou sit entènèt Anbasad la: https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/passports/

Sèvis pou paspò yo se sou randevou sèlman (sof pou Renouvèlman Paspò moun ki Majè pa lapòs). Pou w jwenn enfòmasyon konsènan renouvèlman paspò, ale sou: https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/passports/adult-passport-renewals/
Anbasad ak Konsila Ameriken yo pa ka transfere viza yo nan nouvo paspò w la.
Anbasad la pa ka bay yon kopi CRBA oswa paspò yo. Tanpri ale sou sit entènèt Depatman Eta a pou w jwenn detay sou fason pou w jwenn dokiman konsa: https://travel.state.gov/content/travel/en/passports/have-passport/passport-records.html

Mwayen pèman nou aksepte yo se:

  • Lajan US oswa lokal; Visa, MasterCard, Discover, American Express oswa Diners Club. Tout tranzaksyon kat kredi yo se an dola ameriken, menm jan si tranzaksyon an te fèt Ozetazini.
N ap anile ansyen paspò w la e n ap voye l tounen ba ou ak yon nouvo. Pa gen okenn enpak sou so ak viza yo lè yo anile yon paspò.

Anjeneral, pou w aplike pou yon paspò Ameriken, ou dwe:

  • Ranpli fòmilè aplikasyon ki apwopriye a
  • Bay prèv ou se sitwayen Ameriken;
  • Bay dokiman kòm prèv
  • Bay yon foto
  • Peye montan sa ap koute a
  • Voye aplikasyon an ale sou

Sit entènèt Anbasad la bay enstriksyon ki gen tout etap yo, tankou enfòmasyon konsènan fòmilè aplikasyon yo, montan sa ap koute a, egzijans anrapò ak foto, dokiman kòm prèv ki obligatwa yo ak fason pou w voye aplikasyon w lan e sit la se: https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/passports/

Randevou yo planifye anliy sou: https://evisaforms.state.gov/acs/

Ou dwe mache ak paj konfimasyon randevou w la, fòmilè ki ranpli yo, ak dokiman orijinal nan entèvyou w la.

Lè w ap pran randevou a, ou dwe ekri detay ki annapre yo:

  • Nimewo konfimasyon randevou ki kreye a.
  • Dat ak lè randevou w la. Ou p ap resevwa konfimasyon pa imel k ap di w dat randevou a.
  • Modpas randevou a. W ap bezwen paspò a si w bezwen anile randevou a. Nou pa kenbe modpas ou nan Anbasad la.

Chak moun k ap aplike ki bezwen yon sèvis nan Anbasad la dwe gen yon randevou apa.

Tanpri kontakte Anbasad oswa Konsila a si w pa ka pran yon randevou pou sèvis paspò oswa sèvis CRBA pou tout pitit minè w genyen nan menm jou a: acspap@state.gov

Lè w pran yon randevou, li enpòtan anpil pou w enprime oswa ekri modpas ak dat ak lè randevou a. Ou p ap resevwa yon konfimasyon randevou otomatikpa imel oswa imel rapèl.

Ou ka jwenn fòmilè aplikasyon apwopriye pou sèvis paspò w bezwen an sou sit entènèt Anbasad la sou: https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/passports/

Si w itilize vèsyon anliy fòmilè aplikasyon an, kou w fin reponn tout kesyon yo, fòmilè a ap kreye yon dokiman PDF. Ou dwe enprime fòmilè aplikasyon an paske w pa ka voye l pa mwayen elektwonik nan Anbasad la. Si w gen difikilte ak fòmilè aplikasyon anliy lan, gen yon vèsyon PDF ou ka telechaje ki ka enprime e w ka ranpli alamen ak lank nwa.

Si w bezwen yon paspò annijans paske yo te vòlè/ou pèdi paspò w oswa ou dwe vwayaje ann ijans, voye yon imel bay biwo Sèvis pou Sitwayen Ameriken an nan anbasad oswa konsila ki pi pre w la, kote w ap eksplike sitiyasyon w lan ak dat limit w ap bezwen paspò w la. Tanpri, remake yo pa fè paspò nan lè yo pa abitye travay.

Si pa gen okenn randevou ki disponib lè w fenk verifye a, tanpri verifye kalandriye a tanzantan pou w wè nenpòt dat randevou yo afiche.

Yo afiche randevou chak peryòd. Kalandriye randevou a fonksyone nan lè reyèl, donk l ap montre nenpòt randevou ki disponib, sa gen ladan l randevou ki disponib lè gen moun ki anile. Yo p ap afiche randevou yo nan yon dat oswa lè byen presi, donk toujou verifye kalandriye a pou w wè si gen dat ki disponib.

Timoun ki gen 14 lane ak sa k pi gran yo ka siyen paspò yo. Pou timoun ki pi piti pase 14 lane, yon paran dwe siyen. Nan espas yo bay pou siyen an, paran an oswa responsab legal la dwe ekri non timoun nan ak lèt detache epi siyen non l. Apresa, nan parantèz yo, yo ta dwe ekri relasyon yo ak timoun nan pou yo ka konnen kiyès ki siyen paspò a, sa vle di, (manman) oswa (papa).
Nou ankouraje w pran randevou w la kou sa posib pou evite pwoblèm ak vwayaj ou. Si gen yon randevou ki disponib anvan dat vwayaj ou a, kèlkeswa jan l pwòch dat la, tanpri pran l. Nan randevou w la, w ap gen posibilite pou gen konvèsasyon k ap fè w wè si dwe gen yon paspò ki fèt annijans daprè plan vwayaj ou yo.
Si yo te fè w konnen nan jou entèvyou w la ke aplikasyon w te apwouve, ou ta dwe pèmèt apeprè de a twa semèn oswa plis pou paspò w ak twa a kat semèn pou resevwa CRBA/paspò pitit ou a nan men etablisman enprime ameriken an. Akoz yo gen anpil demann, biwo Sèvis pou Sitwayen Ameriken yo pa ka bay mizajou sou pwogrè k ap fèt pou aplikasyon ki nan delè pwosesis nòmal la. Delè tretman pou tout sèvis yo se yon ide. Delè yo di a ta dwe sèvi pou ba w yon ide.

Pou w jwenn yon lis ki gen montan sèvis pou paspò yo koute, tanpri, ale sou sit entènèt Depatman Eta a ki se: https://travel.state.gov/content/travel/en/passports/requirements/fees.html

Metòd peman:

An pèsòn:

  • Lajan US oswa lokal; Visa, MasterCard, Discover, American Express oswa Diners Club. Tout tranzaksyon kat kredi yo se an dola ameriken, menm jan si tranzaksyon an te fèt Ozetazini.

Sou entènèt:

Nou pa gen aksè ak enfòmasyon konsènan pwogrè aplikasyon w lan.

Ou ka verifye pwogrè aplikasyon pou paspò Ameriken w lan sou: https://travel.state.gov/content/travel/en/passports/after/status.html