Lòt Resous pou Sitwayen Ameriken

Si w ta renmen gen enfòmasyon konsènan fason pou w rejte oswa abandone sitwayènte Ameriken w lan nan Ayiti, tanpri voye yon imel nan acspap@state.gov .

W ap resevwa yon seri enfòmasyon ki konplè ak fòmilè pa imel. Gen lòt enfòmasyon jeneral ki disponib sou https://travel.state.gov/content/travel/en/legal/travel-legal-considerations/us-citizenship/Relinquishing-US-Nationality-Abroad.html .

Etranje ki ta renmen vizite Mezon Blanch yo dwe aplike nan Anbasad oswa Konsila nan Peyi yo ki nan Washington, D.C.

Anbasad Etazini ki nan Ayiti la pa ouvè pou moun nan piblik la vizite.

Anbasad ak Konsila Etazini an pa ka ranplase oswa bay kopi sètifye batistè, sètifika desè, oswa sètifika maryaj. Ou ka aplike pou yon kopi oswa mande yon amannman pa mwayen Biwo Dosye Vila nan eta kote lanmò a rive a:

https://www.cdc.gov/nchs/w2w/index.htm

Sit entènèt Dwàn ak Pwoteksyon Fwontyè Ameriken yo (Customs and Border Protection, CBP) bay enfòmasyon konsènan pote medikaman oswa manje Ozetazini ak enfòmasyon konsènan bagay ki entèdi e ki gen restriksyon sou yo.

Ale sou sit entènèt Dwàn ak Pwoteksyon Fwontyè Ameriken yo (Customs and Border Protection, CBP) a ki se: https://www.cbp.gov/travel/us-citizens/know-before-you-go/prohibited-and-restricted-items

Sit entènèt United States Postal Service (USPS) la bay enfòmasyon konsènan voye objè lòtbò dlo ki sot Etazini, ki gen lis bagay ki entèdi e ki gen restriksyon sou yo.

Ale sou sit entènèt United States Postal Service (USPS) la ki se: https://www.usps.com/ship/shipping-restrictions.htm

Pou plis enfòmasyon konsènan ki bagay ou ka pote Ayiti soi Etazini, ou dwe kontakte otorite gouvènman ki apwopriye a nan Ayiti.

Ou pa gen obligasyon pou w deklare maryaj ou nan Anbasad oswa Konsila Ameriken an.

Anjeneral, maryaj ki fèt legal e ki valid aletranje yo valid Ozetazini tou. Men, chak eta nan Etazini gen pwòp règ anrapò ak maryaj yo. Donk, ou ta dwe kontakte yon avoka jeneral ki an fonksyon nan eta a pou w verifye si maryaj ou a ak sètifika maryaj la valid la a.

Kontakte polis nan zòn ou an pou w rapòte gen yon krim k ap fèt oswa pou w rapòte yon moun ki disparèt. Yo ka kontakte Interpol pou krim ki fèt lòtbò dlo.

Gen plis enfòmasyon ki disponib tou nan sit entènèt Depatman Eta a ki se https://travel.state.gov/content/travel.html , chwazi “International Travel,” chwazi “Emergencies,” epi suiv enstriksyon ki nan seksyon “Emergency Financial Assistance for U.S. Citizens Abroad”.

Si w ta renmen pale ak yon moun dirèkteman konsènan yon sitwayen Ameriken ki disparèt Ayiti oswa nan zile Tik ak Kaykòs, rele Anbasad oswa Konsila ki pi pre a:

Port-au-Prince:
011-509-2229-8000

IRS pa gen yon biwo nan Anbasad la. Pou enfòmasyon enpòtan ki sot nan U.S. Internal Revenue Service (IRS) pou moun k ap peye taks k ap viv aletranje yo, ale sou: https://www.irs.gov/individuals/international-individuals

Si w toujou gen kesyon lè w fin verifye sit entènèt IRS la, ou ka rele Sant Apèl Sèvis Entènasyonal pou Moun k ap Peye Taks la nan: https://www.irs.gov/help/contact-my-local-office-internationally

IRS ap voye chèks li fè pou l bay pou lajan moun fè nan taks yo nan dènye adrès yo te konnen pou moun nan. Si w ap tann pou w touche yon lajan taks federal, ou ka verifye pwogrè lajan an sou sit entènèt IRS la sou: http://irs.gov/

Pou enfòmasyon konsènan kondi nan Ayiti ou dwe kontakte otorite nan Ayiti ki apwopriye a.

Gen enfòmasyon ak resous ki disponib sou sit entènèt Depatman Eta a ki se https://travel.state.gov/content/travel.html , ki gen konsèy sou fason pou w pwoteje tèt ou ak lajan w kont vòlè k ap twonpe moun.

Sou sit entènèt la chwazi “International Travel,” chwazi “Emergencies,” epi suiv enstriksyon ki nan seksyon “International Financial Scams” nan.

https://travel.state.gov/content/travel/en/international-travel/emergencies/international-financial-scams.html

Anbasad ak Konsila yo pa ka fè yon lòt rezèvasyon vòl oswa bay èd pou vwayaj. Tanpri kontakte konpayi transpò w la pou l ba w enfòmasyon sou fason pou w chanje oswa fè yon lòt rezèvasyon pou vwayaj ou. Si w te fè rezèvasyon an ak yon ajans vwayaj, yo ka ede w. Ou ka kontakte konpayi asirans vwayaj ou a tou, si w genyen. Si w gen pwoblèm kòb akoz yon reta, fason ki pi rapid pou w chèche èd se pou w kontakte fanmi w ak zanmi w. Si yo pa ka ede w, ale sou:

https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/local-resources-of-u-s-citizens/emergency-assistance/