Vòl mwen anreta. Kisa m ta dwe fè?

Anbasad ak Konsila yo pa ka fè yon lòt rezèvasyon vòl oswa bay èd pou vwayaj. Tanpri kontakte konpayi transpò w la pou l ba w enfòmasyon sou fason pou w chanje oswa fè yon lòt rezèvasyon pou vwayaj ou. Si w te fè rezèvasyon an ak yon ajans vwayaj, yo ka ede w. Ou ka kontakte konpayi asirans vwayaj ou a tou, si w genyen. Si w gen pwoblèm kòb akoz yon reta, fason ki pi rapid pou w chèche èd se pou w kontakte fanmi w ak zanmi w. Si yo pa ka ede w, ale sou:

https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/local-resources-of-u-s-citizens/emergency-assistance/