Arestasyon yon Sitwayen Ameriken

Si w se yon sitwayen Ameriken e yo te arete w oswa mete w nan prizon, tanpri, kontakte anbasad oswa konsila ki pi pre w la. Yo ka ede w ak bagay ki annapre yo:

  • Ba w yon lis avoka nan zòn nan ki pale Anglè.
  • Kontakte fanmi, zanmi, oswa konpayi ki anboche sitwayen Ameriken yo met nan prizon an ak otorizasyon ekri l.
  • Toujou vizite sitwayen Ameriken yo met nan prizon an epi bay materyèl lekti ak vitamin, kote sa apwopriye.
  • Asire yo otorite nan prizon yo ap ba w swen medikal apwopriye.
  • Bay yon apèsi jeneral sou pwosesis legal pou dosye kriminèl.
  • Fè moun yo met nan prizon an konnen resous lokal ak sa ki nan Etazini ki disponib pou ede moun ki viktim krim yo.
  • Asire yo otorite nan prizon yo kite yon manm legliz nan relijyon w vle vin vizite.
  • Kreye yon OCS Trust pou zanmi ak fanmi ka voye lajan bay sitwayen Ameriken ki nan prizon, lè règleman yo pèmèt sa.

Pou plis enfòmasyon, ale sou sit entènèt Anbasad la ki se https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/arrest-of-a-u-s-citizen/ .

Gen lòt enfòmasyon ki disponib tou sou sit entènèt Depatman Eta a sou https://travel.state.gov/content/travel.html , chwazi “International Travel,” chwazi “Emergencies,” epi suiv enskriksyon ki nan “Arrest or Detention of a U.S. Citizen Abroad”.

Si w ta renmen pale dirèkteman ak yon moun konsènan yon arestasyon nan Ayiti oswa zile Tik ak Kayik, rele Anbasad oswa Konsil Etazini ki pi pre a:

Port-au-Prince:
011-509-2229-8000

Pou èd legal nan Ayiti oswa nan zile Tik ak Kayik, tanpri ale sou sit entènèt Anbasad la sou https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/attorneys/ . Se la w ap jwenn yon lis avoka pou chak distri konsilè.

Tanpri remake: Depatman Eta a pa pran okenn responsabilite oswa chaj pou kapasite pwofesyonèl, oswa kalite sèvis antite oswa moun non l mansyone sou lis ki annapre yo. Sa ki nan lis la pa gen okenn apwobasyon Depatman an oswa gouvènman Ameriken an. Non ki nan lis la nan lòd alfabetik, e lòd yo parèt la pa gen okenn enpòtans. Enfòmasyon ki nan lis la soti dirèkteman nan men pwofesyonèl k ap bay sèvis lokal yo; Depatman an pa nan pozisyon pou l valide enfòmasyon sa a.

Si manm fanmi w la se yon sitwayen Ameriken e yo arete l oswa mete l nan prizon, tanpri, kontakte anbasad oswa konsila ki pi pre w la. Yo ka ede w ak bagay ki annapre yo:

  • Providing a list of local attorneys who speak English.
  • Contacting family, friends, or employers of the detained U.S. citizen with their written permission.
  • Visiting the detained U.S. citizen regularly and provide reading materials and vitamin supplements, where appropriate.
  • Help ensuring that prison officials are providing appropriate medical care for you.
  • Providing a general overview of the local criminal justice process.
  • Informing the detainee of local and U.S.-based resources to assist victims of crime that may be available to them.
  • Ensuring that prison officials are permitting visits with a member of the clergy of the religion of your choice.
  • Establishing an OCS Trust so friends and family can transfer funds to imprisoned U.S. citizens, when permissible under prison regulations.

Pou plis enfòmasyon, ale sou sit entènèt Anbasad la ki se https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/arrest-of-a-u-s-citizen/ .