Viktim Krim

Kontakte polis nan zòn nan pou w rapòte gen yon krim k ap fèt.

Èd yo ka bay:

  • Ranplase yon paspò ki pèdi oswa yo vòlè
  • Kontakte fanmi, zanmi, oswa kote konpayi moun nan ap travay la ak otorizasyon ekri l, ann amoni ak Lwa 1974 pou Enfòmasyon Konfidansyèl la
  • Bay enfòmasyon pou w fasilite aksè ak swen medikal ki apwopriye
  • Jere bezwen ijan ki genyen akoz krim nan
  • Esplike opsyon èd finansye, tankou èd ki disponib pou retounen Etazini
  • Bay enfòmasyon konsènan mwayen pou kontakte òganizasyon lokal ki pale konsènan lwa enpòtan nan peyi moun nan ye a ak aplikasyon lwa sa yo
  • Pataje enfòmasyon konsènan pwogrè dosye w la ki nan pwosesis legal pou dosye kriminèl nan peyi a, lè sa a aplikab
  • Konekte w ak resous ki gen Etazini pou moun ki viktim krim yo, si genyen ki disponib
  • Bay yon lis avoka nan zòn nan ki pale Anglè

Paj entènèt anbasad la gen lòt resous ak enfòmasyon pou viktim krim yo.

Tanpri ale sou sit entènèt Anbasad la ki se https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/victims-of-crime/ .

Gen lòt enfòmasyon ki disponib tou sou sit entènèt Depatman Eta a sou https://travel.state.gov/content/travel.html , chwazi “International Travel,” chwazi “Emergencies,” epi suiv enstriksyon ki nan seksyon “Help for U.S. Citizen Victims of Crime”.

Pou paspò, gade enstriksyon pou paspò yo

Pou èd legal nan Ayiti oswa zile Tik ak Kaykòs, tanpri ale sou sit entènèt nou an ki se https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/attorneys/ .

Pou èd medikal nan Ayiti oswa nan zile Tik ak Kayik, tanpri gade sit entènèt nou an ki se https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/doctors/ .

Si w ta renmen pale ak yon moun dirèkteman konsènan yon krim kont yon sitwayen Ameriken nan Ayiti oswa nan zile Tik ak Kayik, rele Anbasad oswa Konsila ki pi pre a:

Port-au-Prince:
011-509-2229-8000

Pou èd legal nan Ayiti oswa nan zile Tik ak Kaykòs, tanpri gade sit entènèt nou an ki se https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/attorneys/ . Se la w ap jwenn yon lis avoka pou chak distri konsilè.

Tanpri remake: Depatman Eta a pa pran okenn responsabilite oswa chaj pou kapasite pwofesyonèl, oswa kalite sèvis antite oswa moun non l mansyone sou lis ki annapre yo. Sa ki nan lis la pa gen okenn apwobasyon Depatman an oswa gouvènman Ameriken an. Non ki nan lis la nan lòd alfabetik, e lòd yo parèt la pa gen okenn enpòtans. Enfòmasyon ki nan lis la soti dirèkteman nan men pwofesyonèl k ap bay sèvis lokal yo; Depatman an pa nan pozisyon pou l valide enfòmasyon sa a."

Gade enstriksyon konsènan Èd Finansye ann Ijans lan .

Pou plis enfòmasyon konsènan aplikasyon pou yon nouvo paspò, gade Fason pou w Aplike pou yon Nouvo Paspò .